Skip to content
Lyric
Dive
Public playlists
My playlists
Search
Sign in
Lavi nou Chifonnen
Rutshelle Guillaume
Popularity · Low
+
🇭🇹 Haitian Creole · Original
0
0
YouTube
Searching YouTube...
Lyrics
Original
Translation
Bilingual
Pa gen bèl flè san pikan, m vin wè nan ki m pran
La a, m ap soufri lontan, m anvi souri, men ak ki kran
Avni nou pwazonnen
Demen nou pa sèten
An plas, n ap patinen sou kont desten, mmh-mmh
Galantri m pa sifi, anyen m pa epate w
Apwoche w s on defi, pou m viv trankil, fò m ekate w
W ap fè m pase mati
San w pa reyalize m ka fou
Apre tout sakrifis mwen fè
Twòp kapris avegle w
Tout kouraj ak efò m pase an ven
Ou egzije m plis, mwen pa lage w
Ou konprann se renmen w ki feblès mwen
Ou mèt pouse mwen
Nan je m, w ap toujou gen rezon
Ou mèt maltrete mwen
Sèl ou ki konte pou mwen
Ou mèt pouse mwen
Nan je m w ap toujou gen rezon
Ou mèt maltrete mwen
W ap konte
Mmmh-mmmh!
Nan kwè si m vle m kapab, si m pa vle, m ap koupab
Fè tèt mwen yon esklav, yon zonbi lib k ap fè epav
Fidbak yo negatif
Nan tout vwazinaj la, tout moun pran pale nan koze n
Twòp kapris avegle w
Tout kouraj ak efò m pase an ven
Ou egzije m plis, mwen pa lage w
Ou konprann se renmen w ki feblès mwen
Ou mèt pouse mwen
Nan je m, w ap toujou gen rezon
Ou mèt maltrete mwen
Sèl ou ki konte pou mwen
Ou mèt pouse mwen
Nan je m w ap toujou gen rezon
Ou mèt maltrete mwen
W ap konte
Pou m te ka fè w yon bèl melodi (melodi)
Mwen fè tèt mwen yon gwo mizisyen
Pou n te toujou ini, an amoni
Pou sa k ap tande n santi n byen akòde
Lavi nou chifonnen
Li mande repase
Relasyon n ap trennen
Li mande repanse
Lavi nou chifonnen
Li mande repase
Relasyon n ap trennen
Li mande repanse
Yon ti dispit nan senk segond
(Baboukèt fè mizo)
Tankou n te gentan n on lòt mond
(Relasyon nou kase lezo)
Nou pa ka tande, n pa ka wè
(Paske n pèdi rezo)
Lè mwen ofri w yon bèl boukè
(Ou pran m pou mawozo)
(Aya-ya-yay) lavi nou chifonnen
Li mande repase (oh-oh-oh)
Relasyon n ap trennen
(Li mande) li mande repanse (li mande)
Lavi nou chifonnen (ouh-oh-ouh-oh)
Li mande repase
Relasyon n ap trennen
Li mande repanse
Ouh-oh-oh-oh
Ti-li-di-la-li-di
Oh-oh,oh-oh
Li-di-li-di-la-li-di