Skip to content
Lyric
Dive
Public playlists
My playlists
Search
Sign in
Ak tout kè mwen
Vanessa Desire
Popularity · Low
+
🇭🇹 Haitian Creole · Original
0
0
YouTube
Searching YouTube...
Lyrics
Original
Translation
Bilingual
M te dwe bay vag deja
Krazon kite sa la
Men chak fwa pou m ale
Gon vwa ki di m rete la la
M ta fèmen chapit sa
M te dwe chire paj la
Tèlman move moman
Kouba bay dekourajman
Men chak fwa m panse kite
G on vwa ki di m kanpe la
Se pou ou m ape chante
Se pou m ap kontinye
Ak tout kè mwen
M ap chante pou nou se nou ki rezon m
Ak tout kè mwen
M ap ave n nan moman move kou bon
Ak tout kè mwen
M ap pote vwa nou menm lè m fatige
Ak tout kè mwen
Mwen pwomèt temèt van tanpèt m ap kanpe
Ak tout kè mwen
Paske mwen renmen
Ak tout kè mwen
Paske mwen renmen
Ak tout kè mwen
Kwè mwen sa pa fasil
Pou bay tout san kalkil
Men nou ban mwen rezon
Ofri m menm lè m tonbe nan bafon
M pran 77 so la
M konn vle vire do m la
Kout lang ak Kout ponya
Konn mete m an boulatcha
Men dimil so pa so
Pou nou m vle pousib vwayaj la
Se pou nou mape chante
Se pou nou m ap kontinye
Ak tout kè mwen
M ap chante pou nou se nou ki rezon m
Ak tout kè mwen
M ap ave n nan moman move kou bon
Ak tout kè mwen
M ap pote vwa nou menm lè m fatige
Ak tout kè mwen
Mwen pwomèt temèt van tanpèt m ap kanpe
Ak tout kè mwen
Paske mwen renmen
Ak tout kè mwen
Paske mwen renmen
Ak tout kè mwen
Ak tou Kè m renmen nou
Kwè mwen se nou m damou
Mwen p ap janmen lage n yon jou
Lè fenwa debòde
Se nou k ilimine m
Plas nou p ap janm elimine
Ak tou Kè m renmen nou
Kwè mwen se nou m damou
Mwen p ap janmen lage n yon jou
Lè fenwa debòde
Se nou k ilimine m
Plas nou p ap janm elimine
Ak tout kè mwen
M ap chante pou nou se nou ki rezon m
Ak tout kè mwen
M ap ave n nan moman move kou bon
Ak tout kè mwen
M ap pote vwa nou menm lè m fatige
Ak tout kè mwen
Mwen pwomèt temèt van tanpèt m ap kanpe
Ak tout kè mwen
Paske mwen renmen
Ak tout kè mwen
Paske mwen renmen
Ak tout kè mwen