Skip to content

So This Is What We Doing?

Popularity · Low

YouTube

Searching YouTube...

Lyrics

Ak sajès vrèman m vin konnen ret trankil se remèd kò Bon mwayen pou rive nan vi paw li pa lòt ke efò Siw ta oze di nan rap kreyol se mwen menm ki pi fò Akoz de sa rezilta vi pam pap lòt ke lanmò Nan chache lavi, pafwa nou konn rive nan fen li Se vre n gen poun mouri men vi pam mta renmen konn fen li Pa gen love san peace konsa tou anpil nan nou gen vis Apre 1, 2, 3 ki pa genyen apre sa pa gen plis Mpa vle mache tèt bese ak respè mwen vle viv san please Mpap dead tankou koupe kloure ki mouri pou bitches Wè life tèlman frajil so li enpòtan pou fè atansyon Koz kounya jèn 25ans ap mouri nan sik ak tansyon Lèw twò saj, yo use sajès ou pou yo baw panik Lèw twò brute yo use brutalité w yo pran w pou bourik Yo vle use ou fèw sa yo vle tankou bagèt majik So mprefere viv mwatye moun mwatye bèt sou prensip Trajik Viv trè senp pa fòse flè pouse sou chan d batay Li trè senp pouw konn sa kap avew sou chan d batay Met konfyans nan ou dabò avanw metel nan pèsòn Depi lè yo fin montre m konte mpa konte sou pèsòn M aprann konnen rezilta vi a pa lòt ke lanmò M aprann konnen pouw rive nan vi pa w pa lòt ke efò M aprann konnen ti moso sajès vo plus pase lò Ou tou wèw pap ka achte l menm si ou ta genyen lò M aprann jere respè m ak anpil karaktè et met sousi M aprann fè ènmi ak latè se poum pa manje sou li Mennen triple vi pa anyen koz ou pap gen triple mort Viv ak respè w en attendant la venue de ta mort Mwen vle di w par là, pa conjugué vi w au pluriel Lanmò ap pran w au singulier fè efò poul ka bèl Tout moun ap chache sans lavi Yo ta vle jwenn chans lavi Pa vle pou vi yo rabi Yo ta renmen jwenn chans a vi Depi wap rayi trayi pwòch ou pap janm ka jwenn bon sans lan Wap touye l pou lekòl li menw pap janm pran konesans lan Pou w viv nan bon sans lavi fòw gon lot vizaj dèyè tèt ou Enposib pouw swiv li sinon nan tou wap boure tèt ou Renmen ayiti pam nan pap tankou Henry Céant an Nou pa nan menm bato men toujou menm océan an Prizonye yon vi sal, mpa menm konn sa li vo Nan foli fè nèg lari ti jèn tounen kanivo Se lèw manke mouri wpral konn kisa lavi a vo Lajan ka fè yon pi gwo intellect pèdi sèvo Vi san lanmò pa gen sans men w al legliz pouw viv éternellement San ipokrizi pouw viv sou tè a wap wè gen chanjman Nou pè loraj men nou reve yon kout foudre M konseye w viv ak sajès sil diw merde pa dil fout Horoscope lavi sou tè a pa lot ke verseau E map tou diw sans lavi a tou se recto verso. Yeah STAR-CLICK Rendez-vous sur pluton Sans Lavi First-class recordz Viv trè senp, pa fòse fleur leve sou champ d bataille koz, depi m gen kannèl, pou esans mpa batay