Skip to content
Lyric
Dive
Public playlists
My playlists
Search
Sign in
Assez
Durkheim
Popularity · Low
+
🇭🇹 Haitian Creole · Original
0
0
YouTube
Searching YouTube...
Lyrics
Original
Translation
Bilingual
Eske m ap kapab ankò ak sa m ap viv yo koz yo trop
M pa di m pa janm antò, sou wout lanmou m boule kèk stop
Men Lanmou vle fini avè m yon fwa 5 fwa rès yo m pa konte
Pou jan yo met kè m an myèt se vre mwen fè men la "c'est assez"
Te gen Rebecca lè m t ado
Lanmou sa pou mwen se t on kado
Li te fè m konfonn tout sa k fo ak vrè
S avè l m te vle rete
Men hélas
Aprè Lottinah montre m po t ko
Janmen jwenn moun vi m nan m te twò cho
S avè l ki te dou vin anmè
Sou lèv mwen kounya fò m tounen a zewo
Tout sa mwen bay tounen fwèt kont mwen
Defwa m batay pou sa rive lwen
Men manman m te toujou di mwen
Pa fòse si w wè sa p ap dire
Aprann di bye yon jou l va tounen
Zoukotoum tap tap, Zoukotoum tap tap
Zoukotoum ouwooo
Zoukotoum tap tap, Zoukotoum tap tap
Zoukotoum ouwooo
Zoukotoum tap tap, Zoukotoum tap tap
Zoukotoum ouwooo
Zoukotoum tap tap, Zoukotoum tap tap
Zoukotoum ouwooo
Lòt la vini pou l mete kè m an danje
Malgre yo di l mwen an konje
Nan basen kè m li plonje
San gade
M sipòte tout sa li fè m ki mal
O BonDye ki sa mwen fè ki mal
Se menm penpenp lan
Menm moun yo m pa ka ret kontan
Menm vis yo yo pa janm pran tan
Li fin gou apre l degoutan
"Assez!" mwen mal
Poutan m konn konsyan
Rega yo lè y ap fè sanblan
Vrè vizaj yo konn fè m pantan
Yo konn bèl men l pa "suffisant"
Tout sa mwen bay tounen fwèt kont mwen
Defwa m batay pou sa rive lwen
Men manman m te toujou di mwen
Pa fòse si w wè sa p ap dire
Aprann di bye yon jou l va tounen
Zoukotoum tap tap, Zoukotoum tap tap
Zoukotoum ouwooo
Zoukotoum tap tap, Zoukotoum tap tap
Zoukotoum ouwooo
Zoukotoum tap tap, Zoukotoum tap tap
Zoukotoum ouwooo
Zoukotoum tap tap, Zoukotoum tap tap
Zoukotoum ouwooo