Skip to content
Lyric
Dive
Public playlists
My playlists
Search
Sign in
OU PA VLE
Vayb
Popularity · Low
+
🇭🇹 Haitian Creole · Original
0
0
Listen
YouTube
1
2
3
0:00 / 0:00
Loading YouTube player...
Lyrics offset
Synced
Lyrics
Original
Translation
Bilingual
Ou pa vle
Ou pa vle mwen
Cheri avè'm ohh, avè'm pou'w ta renmen
Si'w pata vle'm manman, m'ap debwate pèsonn pa'p ka frennen'm
Ou paka lage'm, pou jan nou ye
Sèl ou'k ka montre'm sa lanmou ye
Chak fwa'w meprize'm, lespri'm twouble
Dèfwa, m' santi kè mwen ap rache
Se ti bouch ou pou'm ta mòde la
Sou do'm cherie pou'm ta pote'w la
Bò kote'w pou'm ta lonje'm
Men'w di'w pa pare, ou poko pare
Si'm paka genyen'w (yeahh yeahh)
Moun pa vin pale'm de gen menaj ankò
Non pa vin pale'm pa vin pale'm
Si'm paka genyen'w
Moun pa vin pale'm de gen menaj ankò
Sa pa enterese'm, enterese'm
Si'm ta vle genyen'w; di'm kisa pou'm fè pou sa?
Di'm: konbyen prèv m' gen pou'm bay?
Si'w pa konprann nan lang sa
"Dit moi ce que je dois faire; si je te veux pour moi?"
Devan Bondye m' sèmanté sou lavi mwen (Sou lavi mwen)
Si'w ou di mwen non ou ka fè'm fou m' pran lari
M'pa gen anyen m'pap fè pou'w ka nan vi mwen
You're my lover, baby you're my lover
Se ti bouch ou pou'm ta mòde la
Sou do'm cheri pou'm ta pote'w la
Bò kote ou pou'm ta lonje
Men'w di'w pa pare, ou poko pare
Si'm paka genyen'w (yeah yeah yeah yeahh)
Moun pa vin pale'm de gen menaj ankò
Moun pa vinn pale'm pa vin pale'm
Si'm paka genyen'w
Moun pa vin pale'm de gen menaj ankò
Cheri, f'on bagay pou mwen
(Yeahh)
Si se pa ou'k kote'm lè'm leve lematen
M' pa'p leve ankò
M'ap koupe kabann kout je
Zafè dòmi an fini pou mwen
Si se pa ou k'avè'm lè'm legliz m' pral marye m' pa'p renmen ankò
M'ap koupe relasyon kout je
Zafè lanmou an fini
(Ou pa vle)
M' vle ofri'w lavi'm manman
(Ou pa vle)
M' f'on bann sakrifis ki pa ase
(Ou pa vle)
Si'm prè pou'm ofri'w mond lan?
(Ou pa vle)
Kisa ankò pou'm ta ofri'w?
(Ou pa vle)
Ke ou vle leve koup nan men Messi a?
(Ou pa vle)
Te'm mande Bondye ba'w kle paradi a
(Ou pa vle)
Tell me tell me tell me why
Si se pa ou'k kote'm lè'm leve lematen
M' pa'p leve ankò
M'ap koupe kabann kout je
Zafè dòmi an fini pou mwen
Si se pa ou k'avè'm lè'm legliz m' pral marye m' pa'p renmen ankò
Map koupe relasyon kout je
Zafè lanmou an fini
(Ou pa vle)
M' vle ofri'w lavi'm manman
(Ou pa vle)
M' f'on bann sakrifis ki pa ase
(Ou pa vle)
Si'm prè pou'm ofri'w mond lan?
(Ou pa vle)
Kisa ankò pou'm ta ofri'w?
(Ou pa vle)
Ke ou vle leve koup nan men Messi a?
(Ou pa vle)
Te'm mande Bondye ba'w kle paradi a
(Ou pa vle)
Tell me tell me tell me why