Skip to content

A mwatyé

Popularity · Low

YouTube

Searching YouTube...

Lyrics

O o Sèlman m vle di w si w ap toujou pwoteje kè m Ooo M ap gade, gade kijan ou ye Kijan ou transfòme Men m pa konn si w ap toujou la Sa n pase, sa n andire Move tan kou bèl eksperyans De souvni ki fè m pa santi m ka rete lwen w M santi avni m avè w pi asire (asire) Ou se poto mitan ki kore m (kore m baby kore m) Depi ou la, mwen toujou ap souri Pa vle di w tanpri, èske w ap toujou rete Ou rantre nan lavi mwen Ou gate mwen Nan yon moman, yon ti bout tan Ou ranje mwen, fè m santi m byen Mwen pare pou m fè w konfyans Sèlman m vle di w si w ap toujou pwoteje kè m M santi avni m avè w pi asire (asire) Ou se poto mitan ki kore m (kore m, baby kore m) Depi ou la, mwen toujou ap souri Pa vle di w tanpri, èske w ap toujou rete Rete bò kote m, wo o Ha ha ha Pa sezi, pa sezi Men nou wi Bebi mwen pap pran l a mwayte A mwatye pa janm dire Se swa ou chwazi pou ban m vi w tout antye Mwen pwomèt nou kapab viv pi byen Pa oblije nan plenyen Se tout ou menm mwen vle w pou ban m Sans je retiens Nou ka viv kou de selebrite Nou gen potansyalite An nou sispann jwe ak desten n Pa fè tèt di cheri E e fèt lage Nou pran lari a Pye goch, pye dwat N alèz ak tou de... ha ha Cheri l pap bon konsa non Si w aksepte An verite mwen sèmante Pou ou m ap toujou ye Si ou ta vle Ban mwen kè ou tout antye Mwen pwomèt ou, n ap dire Pa vle w a mwatye (baby) Mwen vle w tout antye (Mwen vle w tout antye) Pa vle w a mwatye (Mwen sèmante ke kè w pap janm brize) Pa vle w a mwatye (baby) Mwen vle w tout antye (Mwen vle w tout antye) Pa vle w a mwatye Cheri se tout tout tout tout pou m ta genyen Ha ha ha ha ha Matematik sa a pa fè sans non la a 2 plis 2 egal 1 Cheri w ap ban m tout Ha ha ha ha ha M pap pran a mwatye non papa