Skip to content
Lyric
Dive
Public playlists
My playlists
Search
Sign in
Kòman M Ye
Opak MNG
Popularity · Low
+
🇭🇹 Haitian Creole · Original
0
0
Listen
YouTube
1
2
3
0:00 / 0:00
Loading YouTube player...
Lyrics offset
Synced
Lyrics
Original
Translation
Bilingual
M poukont mwen nan foul la ak blesi m yo
M ap vasiye ant anwi ak dezi m yo
Konsyans mwen metem nan kont ak plezi m yo
Yo di m vi an se konsa fò w reziye w
M poukont mwen nan foul la ak blesi m yo
M ap vasiye ant anwi ak dezi m yo
Konsyans mwen metem nan kont ak plezi m yo
Yo di m vi an se konsa fò w reziye w
M kwaze on souvni sou on vizaj lespri m pantan
Sa relouvri kèk plè koz geri koz deri pran tan
Glas lan kriye lè l tande sa m ap rakonte reflè m
Di lanati a m pa sou tounen si l ta konte refè m
Ou vle konn koman m ye m nan dezè a m ap konte plant
M on on ti jan kwochi m pase twòp tan ap monte pant
Kè m ranpli men se a vid m tankou blad
M tande lapè men m pa janm wè l li tankou byad
Touye bouji a m santi lonbraj mwen ap mwen ap fè bri
M pa santi pèn ni jwa m santi esans mwen ap febli
Onètman nan moman mpa kyè de sa k ka rive m
M wè souri m t ap pran lari a devan glas la k ap drive
M poukont mwen nan foul la ak blesi m yo
M ap vasiye ant anwi ak dezi m yo
Konsyans mwen mete m nan kont ak plezi m yo
Yo di m vi an se konsa fò w reziye w
M poukont mwen nan foul la ak blesi m yo
M ap vasiye ant anwi ak dezi m yo
Konsyans mwen metem nan kont ak plezi m yo
Yo di m vi an se konsa fò w reziye w
Kòman m ye
M tankou on machin ki pèdii fren nan blokis
M panse m tap fuck life men se li k t ap banm fo kwis
M ap gad moun ki chè pou mwen men m pa ka fè yo kredi
M ap gad sa k sispann renmen m paske m sispann fè yo plezi
Yo limen fènwa m pi fò men m konn sonbre deja
Yo stil ap desann mwen men m konn tonbe deja
Yo vann do m men pa g anyen m pa abitye tande deja
Yo banm douch frèt la m pran l m abitye tranble deja
Map gad vi m k ap defile tankou on mannken tebe
Istwa m biza tankou istwa on pesonaj BD
Kè m tankou ijans lopital tèlmanl lote ka
Yo plede krisifye m e nan memwa m m pote kwa