Skip to content

Actes Des Apotres

Fre Gabe
Popularity · Low

Listen

YouTube

0:00 / 0:00
Loading YouTube player...
Lyrics offset
Synced

Lyrics

Li te gen 12 Disip Li te gen 12 ki strik Li te gen 12 neg ki tap preche nan tout ti street Preche nan tout distrik San yo Pat mandon bisuit San teknoloji yo fè levanjil rive jouk isit Jezi fin priye li di merci mon père Poul te chwazi li pran Filip Matthieu Thomas el te pran Simon Pierre Li te chwazi Jude Jacques Jean André Barthélemy Te bay tout menm afeksyon pou youn ak lòt pat enemi li te pran Jacques fils d'Alpheh li Pat vle youn te blese lòt Li te pran Juda ti Afreu el te pran Simon le Zelot Tout neg yo te pran yon sèl elan koz yo tap pran ansènyeman Li taprann yo lanmou en cas besoin Pou youn Pat lese lòt De jou an jou neg yo vin pi mature Jezu fè peche pwason vin minis sanl Pat bezwen èd primature Tout allait bien jusqu'au jour Juda livre li pou 30 pyas Li pann tèt li Disip yo ranplase li pa Matyas Kite vi yo pou suiv lavi a Yabandone tèt yo pou esperans sali a Yo mache nan pikan Yo pase nan difee Yo travèse fwontyè malgre kalamite Te gon sèl love Ou te ka met menm chemiz avem Te gon Kominyon koz nou tout nèt tap ranpli menm fonksyon an Te gon sèl lòd Pou yo pa kite Jérusalem Pou yo pèsevere jistan yo resevwa onksyon an Pa konn si son chanmòt men non chanm wòt yo te ye jenou pliye yo tap priye sipliye Dye ak kriye yo jire yap rete menm pwòp tèt yo yo bliye non dure l'esprit de Dieu desann enfin le jour de la Pentecôte Neg yap palan Lang yo resevwon lòt puisans Gon gwoup moun ki tap tande men ki te twouve sa san sans Te gen plizyè ras ki te la Yo chak tandel nan Lang pa Yo Tout te etone yo di bon sa kap pase neg sa yo Epi Pyè kanpe li di tande se pa foun fou ni soun sou ni sou kou se sentespri an ki desann sou nou Tout pèp la epate Lè a 3 mil a te sove Je n'ai ni or à te donner neg yo tou geri yon bwate Kite vi yo pou suiv lavi a Yabandone tèt yo pou esperans sali a Yo mache nan pikan Yo pase nan difee Yo travèse fwontyè malgre kalamite Persécuté mais non abattu Swa yo tchew pa gen literati Pat gen sote klas Te gon Farizyen homme cruel yo te rele Saul de Tarse Pandanl tap pase sou wout Damas A vizyon poul frape lamas Le seigneur frapel avan Li aveglel el fèl kwaze ak Ananyas Li Pat gen kote poul mete kòl Li vin wè Kris se senyè a Li kòmanse preche nonl chanje an apôtre Paul Ahahahaha Kou juif yo pouse gangliyon Lè yo wè se Paul kap di au mort où est ton eglion Sentespri tap gide yo yap chante jusqu'à la mort notre fidèle malgre yo pran wòch pou lapide yo Moblije bref sinon fòm ta chanje bit Siw vle konn rès istwa al li Actes ou byen les Epîtres Kite vi yo pou suiv lavi a Yabandone tèt yo pou esperans sali a Yo mache nan pikan Yo pase nan difee Yo travèse fwontyè malgre kalamite