Skip to content
Lyric
Dive
Public playlists
My playlists
Search
Sign in
Brav
Wood Terrib
Popularity · Low
+
🇭🇹 Haitian Creole · Original
0
0
Listen
YouTube
1
2
3
0:00 / 0:00
Loading YouTube player...
Lyrics offset
Synced
Lyrics
Original
Translation
Bilingual
YEEEEEEHAAAAA!!!
Hmmmmmmmm!!!
Wayayayoooooo!!!!
Hey!
M' pat konn lè'm te fèt la m' pap konn lè'm prale e
Jou ka jou bonè mwen se jou'm alonje e
(M' pral viv kot BRAV yo e lach ki viv isi)
Jou w'a deside idantifye ènmi'w
W'a konnen kiyès yon jou k'ap fout trayi'w
(M' pral viv kot BRAV yo e lach ki viv isi)
M' fèt ak kè'm anprizone ak lespri'm libere
Misyon'm se pou souf mwen ret anvi e pou li'm kreye
Rèv mwen nan fon lanmè lespwa banm vag pou vi'm neye
Antouraj mwen vle'm viv men yo pa vle pou'm viv ere
M' paka dòmi tèlman m' reve bonè ak reyisit
Malgre m' konnen m' sot anbaa wout siksè'm pa pre isit
Foli pou'm gen fon pap fè'm pèdi karaktè'm isit
M'ap batay pou vi'm g'on lot karakteristik
Anba pye'm, m' konn y'ap simen pyèj pou chache angaje'm
M' kriye nan lapli pou dlo regrè pa tache anba je'm
Isiba m' viv ak sa'k renmen'm ni tout sa'k rayi'm
M' pap janm zanmi ènmi zanmi'm paske'm konn pou sa'l ka trayi'm
Depi jou m' te fin kale a, sèl lespri'm m' gen kòm alye a
M' pa etone pou kadav depi lè papa'm fin ale a
M' depase pase'm a prezan m' konte sou fiti'm
Si'm mouri pa ouvè sèkèy la pou dlo je trèt pa tonbe sou figi'm
Limyè moutre'm diferans ant mwen ak lonbraj mwen
Karyè'm s'on prizon ebyen m'ap mouri nan kaj mwen
M'ap reviv nan 23 si souf mwen ta koupe
Gason solid gran rasin si'm tonbe chouk mwen ap pouse
WOOD TERRIB (fòs)
BRAV pa mouri, li travèse al jwenn BAWON pou fini misyon'l
FÒME NAN MATRIS
DEFÒME NAN KAV
TRANSFÒME NAN NATI
YO HYPE!
M' pat konn lè'm te fèt la m' pap konn lè'm prale e
Jou ka jou bonè mwen se jou'm alonje e
(M' pral viv kot BRAV yo e lach ki viv isi)
Jou w'a deside idantifye ènmi'w
W'a konnen kiyès yon jou k'ap fout trayi'w
(M' pral viv kot BRAV yo e lach ki viv isi)
(M' pral viv kot BRAV yo e lach ki viv isi)
(M' pral viv kot BRAV yo e lach ki viv isi)