Transfomasyon
Popularity · Low
Listen
YouTube
0:00 / 0:00
Loading YouTube player...
Lyrics offset
Synced
Lyrics
KONDA
Oh oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh oh
FANTOM + KORAL
Yeah yeah / yeah yeah
Say yeah yeah / say yeah yeah
FANTOM
Reveye'w, li lè li tan pou louvri je'w
Pa kite, okenn moun vin itilize'w,
Divize'w, aprè pou ridikilize'w
Pouw avanse, mantalite'w pou transfòme
BRITAL
Ayiti pa ka yon sèl jan
Nou bezwen modifikasyon
Si nou vle pran wout devlopman
Fok nou fè yon transfòmatyon
Evite divizyon, kraze tout koripsyon
Jèn fi ak jèn gason fòk nou kwè nan edikasyon
HYPE
Ba-ba-ba Barikad Crew... yeah!
Ayisyen! An pozisyon!
Nou pral fè transfòmasyon!
Get ready... lest's go!
IZOLAN
Sistèm lan blo jenès la nan fè sa fè sa
Pou yo bay medam yo djòb fò yal fè sa fè sa
Gad eta lari a, nèg yo blo peyi a
Yo trete nou de twou aa, n' pral konn sak fè sa
Nou pa dwe jwe jwe, ni nan te te te
Fòk tout moun mete tèt ansanm pou bagay yo chanje
Genlè'n bliye kijan'n te pran lendepandans
Kounya'm wè'n vle pèdi fyète'n poutèt viza ak rezidans
REFREN [1]
Nou fè tout vi nou nap rele bondye
Pandan men'n nan machwè'n nap tann sa chanje
Chanjman an sou ou li dwe kòmanse
Tout sa ki negatif pou nou transfòme
An nou tout rele
Ye i ye eeee (kote'k gen salte yo merite pwòpte)
Ye i ye eeee (nap enpòte manje poukisa'n pa plante)
Ye i ye eeee (pandan nap fete tèt nou pou'n proteje)
Ye i ye ye ye yeye...
BRICKS
Yon peyi pa kap kraze tout chèf yo la ap ret gade li
Pandan gen jèn serye si yo bay chans kap repare li
Granmoun alèkile tounen timoun pou yo pran plezi
Gen fanm alèkile'k tounen vanpi pou yo fèm krezi
Yo g'on jan yo pran'm gade'm nan tèt la pla pla!
Plede jwe avè'l, plede souke'l tankou se tcha tcha!
Misye ki move ki pran rele epil fè (skirt skirt!)
Manze ouvè gagann montre'l pa pè epil fè (glut glut!)
REFREN [2]
BRITAL + KORAL
Politik la (bezwen yon lòt direksyon)
Ekonomi an (sibi twòp enflasyon)
Gen twòp medya (kap bay fo enfomasyon)
Fason nap viv la (bezwen transfòmasyon)
Pa kite, pa kite, pa kite peyi'n kraze
Pa kite, pa kite, pa kite jèn yo ale
Pa kite, pa kite, pa kite kilti'n tonbe
Pa kite, pa kite, pa kite fyète'n blaze
KONDAGANA
Nou di nou bouke ak dappiyanp sa (wi nou bouke)!
Jwèt anmiyanm sa (wi nou bouke)!
Dezòd nan chanm sa (wi nou bouke)!
Nou di nou bouke ak blakawout sa (wi nou bouke)!
S'on bann awousa (wi nou bouke)!
K'lage'n nan twou sa (wi nou bouke)!
Vle pa vle, fòk sa chanje
Pou jèn yo rete, peyi'n pou'n transfòme
KORAL ANIMASYON
Woy tand'on koze!
Gade moun kap chanje koulè yo vle transfome (woy woy woy woy)
Woy tande'w koze!
Ti jèn yo bezwen fè pitit san yo poko fòme (why why why why)
Woy tand'on koze!
Nèg yo detounen taks pèp la pou yo banboche (woy woy woy woy)
Woy tand'on koze!
Nèg yo al fete Dubai sou Petro-Caribe
BRITAL
Depi tanbou frape, tout moun leve danse
Lè nap fete, nou pa vle blese
Lè'n transfòme, fòs nou double
Nou mandan'w anraje, nou fè latè tranble
Nou fèl chooo
(ole, ole!) Met mayo anlè
(ole, ole!) Met kepi anlè (Awoyo)
(ole, ole!) Met mouchwa anlè
(ole, ole!) Leve 2 men'w anlè (Souke yo)
(ole, ole!)
TONYMIX
Tanpèt tanpèt tanpèt! (woy!)
Tanpèt tanpèt tanpèt! (woy!)
Tanpèt tanpèt tanpèt! (woy!)
Tanpèt tanpèt tanpèt! (woy!)
Cho'l cho / Tonèr!
Cho'l cho / Sak gen la!
Cho'l cho / Way!!
Cho'l cho / Men BC!
Cho'l cho / Debake!
Cho'l cho / Transfome!
Cho'l cho / Demake!
KORAL ANIMASYON
Men BC, kale kò'w la
Ti piti, rale kò'w la
FANTOM ANIM [1]
Ayè la'w te blak, kounya m'wèw vin blan
Kisak pasew (w'anraje, ou transfòme)
Dada'w te tou plat, yon sèl kou'l gonfle
Fòw esplike'w (w'anraje, ou transfòme)
Lè BC rive (dedoubleee!)
Tout moun ki sou stand (transfòmeee!)
Tout sa ki devan'n yo (dedoubleee!)
Tout moun ki dèyè'n yo (transfòmeee!)
Sak a dwat a goch yo (dedoubleee!)
Pa vle gagann nan bann lan (transfòmeee!)
Leve 2 men'n nan bann lan (dedoubleee!)
Danse sou son twonbòn lan (transfòmeee!)
IZOLAN ANIMASYON
Yèswa'm te wè li (cho'l cho!)
Panse'm te pè li (cho'l cho!)
Konsa'm te fè li (cho'l cho!)
Mwen toufounen li (cho'l cho!)
M'anraje (cho'l cho!)
M'transfòme (cho'l cho!)
M'dedouble (cho'l cho!)
Mezanmiiiiiii (cho'l cho!)
BRICKS ANIMASYON
Wiiiii, ou transfòme!
Patiii!
Ponponp!
Trump, men Ayisyen!
Ale lave, ti kriye!
FANTOM ANIM [2]
Tèt ou te kale, kounya'm wèw gen djwèd
Kijan'w kanpe (w'anraje, ou transfome)
Ayè'w la'w te flat, kounya'm wèw anfle
Wap eklate (w'anraje, ou transfome)
Lè BC rive (dedoubleee!)
Tout moun ki sou stand (transfòmeee!)
Tout sa ki devan'n yo (dedoubleee!)
Tout moun ki dèyè'n yo (transfòmeee!)
Sak a dwat a goch yo (dedoubleee!)
Pa vle gagann nan bann lan (transfòmeee!)
Leve 2 men'n nan bann lan (dedoubleee!)
Danse sou son twonbòn lan (transfòmeee!)
JERRY Outro
Hein hein hein! ou ta transfome manman!
Ou mèt tann, wap jwenn! (Anyyyy!)